Categories: NETALKOLE

Edwine Tonton, direktris CAS la entèdi kite peyi a

Share

Nan kad yon ankèt k ap fèt sou yon ka Koripsyon nan Kès Asistans Sosyal (CAS), Jij ankèt Jean Wilner Morin bay yon entèdiksyon depa kont direktè Kes Asistans Sosyal (Caisse d’Assistance Sociale) la, Edwine Tonton.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Nan kad mezi sila a, Jij Jean Wilner Morin vize ak entèdiksyon sa 2 lòt moun tou ki se Pierre Richard Vales ak Yvrose Alcide.

Vrèman vre, yo site Edwine Tonton, Pierre Richard Vales ak Yvrose Alcide nan kad yon ankèt k ap fèt sou yon dosye Inite Anti-Koripsyon (ULCC) voye bay sistèm jistis la.

Daprè korespondans Majistra Enketè a te adrese bay Sèvis Imigrasyon ak Emigrasyon nan dat ki te 3 avril 2023 a, twa pèsonalite sa yo akize de detounman pwopriyete piblik, pran enterè ilegal, konplisite nan falsifikasyon, trafik enfliyans, asosyasyon kriminèl ak anrichisman ilegal elatriye.

N ap raple, Edwine Tonton se limenm ki direktris CAS la pou kounya la.

Mackendy Filderice

Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.

Leave a Comment
Published by
Tags: 3 avril 2023 CAS Edwine Tonton enterè ilegal Jean Wilner Morin Kes Asistans Sosyal Pierre Richard Vales ulcc Yvrose Alcide