Categories: AN KREYÒL INTERNATIONAL

Joe Biden ap anonse kandidati l pou eleksyon 2024 la semèn pwochèn

Share
Aktyèl prezidan ameriken an, Joe Biden ta dwe anonse pwochèn patisipasyon li nan eleksyon prezidansyèl 2024 yo, semèn k ap vini la. Yon patisipasyon, si l ranpòte l, ap pèmèt li fè yon lòt manda nan Mezon Blanch lan.
Daprè Washington Post ak CNN, ki site plizyè sous ki pre prezidan an, Joe Biden ta dwe lanse kanpay li ak piblikasyon yon videyo. Washington Post pale de dat 25 avril la, ki sanble pye pou pye ak anons li te fè an 2019 la, kote l t ap pral bat predesesè li prezidan Donald Trump, manda l te fini men ki te vle kontinye avanti a.
Toutfwa genyen anpil kesyon k ap poze sou aktyèl prezidan ameriken an ki se dirijan ki gen plis laj nan tout listwa peyi Lèzetazini. Si l ranpòte kous la, Joe Biden ap gen 86 lane lè l ap fin fè dezyèm manda li a.
Avèk pou prensipal advèsè Donald Trump, Joe Biden te deja lese kwè plizyè fwa deja l ap kandida pou pwochèn eleksyon yo. Li te menm fè deklarasyon an pandan yon deplasman nan peyi Iland. Jounen jodia pèp ameriken, patikilyèman demokrat yo, menm jan ak rès mond lan tout ap tann anons ofisyèl lidè demokrat la.
Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by
Tags: Elections Joe Biden USA