Sekretè jeneral Nasyonzini an fè konnen yon lòt fwa ankò gen yon « bezwen ijan » pou yon fòs lame entènasyonal ki espesyalize ta foule tè peyi d Ayiti pou vin tabli sekirite ak lapè la.
Jan li te souliyen sa nan yon lèt li te adrese bay Konsèy sekirite Nasyonzini an oktòb 2022 pase, Misye Antonio Guterres fè menm demand lan devan konsèy la.
“M ap di yon lòt fwa ankò li nesesè pou yon fòs lame entènasyonal espesyalize deplwaye nan peyi d Ayiti ”, li fè konnen nan yon dènye rapò li prezante bay Konsèy Sekirite Nasyonzini an jedi pase a.
Deplwaman sila dwe fèt ak yon soutyen estratejik ak konsiltatif Biwo Entegre Nasyonzini yo an Ayiti (BINUH) pou vin ranfòse kapasite Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) sou teren an fas ak gang yo ki nan tout rakwen.
Nan menm rapò sila, Sekretè jeneral Nasyonzini an di “pèp ayisyen an kontinye plonje nan youn nan pi move kriz dwa moun ki genyen depi dènye deseni sa yo, anplis yon kriz imanitè san parèy y ap konfwonte. An rezon kantite moun ki mouri akòz vyolans gang yo k ap pran teren nan kapital la, ensekirite a konparab menm jan ak nan peyi kote ki gen konfli ame yo”.
N ap raple, Nasyonzini te deklare ant 1ye janvye ak 15 mas 2023 se omwen 531 moun bandi tiye sou teritwa a, epi kidnape 277 lòt. Bilan sila tabli prensipalman nan kapital la Pòtoprens, ki se fyèf ensekirite a.
Facebook Comments