Categories: À CHAUD DIPLOMATIE

Yon kad koperasyon pou devlopman dirab siyen ant Ayiti ak Nasyonzini

Share
Atravè Ministè planifikasyon ak koperasyon ekstèn, gouvènman ayisyen an siyen ayè jedi 20 avril lan yon kad koperasyon sou devlopman dirab pou senk ane k ap vini yo.
Nan yon seremoni ki dewoule nan Karibe Hôtel, Minis planifikasyon an Ricard Pierre rankontre kwòdonatris rezidan Nasyonzini an Ayiti a, Ulrika Richardson, pou siyen dokiman koperasyon sa ki vize asiste Ayiti nan kad yon pwogram devlopman dirab.
Nouvo koperasyon sa ant gouvènman ayisyen ak Nasyonzini an pral kapab akonpanye peyi a nan repons l ap chache pou divès gwo pwoblèm l ap fè fas dènye ane sa yo atravè yon apwòch entegre k ap konsidere bezwen popilasyon ayisyèn lan, prensipalman fanm ak timoun yo.
Koperasyon sa k ap gen pou reyalize sou senk ane k ap vini yo vize divès domèn sosyal, politik ak ekonomik tankou Eta de dwa, sekirite, yon modèl ekonomik tout moun ladan l, sèvis sosyal pi piti yo, pwoteksyon anviwonnman, jesyon risk ak gouvènans teritoryal.
Atravè modèl koperasyon sa, Nasyonzini ki nan tèt pwogram sa pral kapab ede gouvènman ayisyen an jwenn mwayen pou ede Ayiti eksplwate pwòp richès li yo ak potansyèl abitan li yo pou kapab pran chimen devlopman pandan ane k ap vini yo.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by
Tags: Ricard Pierre Ulrika Richardson