Categories: MUSIQUE

Anpil pale aprè Klass fin sòti 3 nouvo mizik nan mwens pase yon semèn

Share
Sòti 10 pou rive 16 avril 2023, gwoup Klass ki ap fete ane sa 11zyèm anivèsè li devwale 3 nouvo mizik ki pa sispann alimante deba yo nan milye biznis mizik ayisyen an .
“Lanmou N Kidnape”  ki se premye mizik ki gen vwa Pipo, sòti 10 avril ki sot pase a . Mizik sa pale sou relasyon a distans epi ensekirite nan peyi Dayiti .Nouvo chante sa, fè plizyè moun reyaji, gen sa ki felisite gwoup lan pandan gen lòt pèsonalite ki estime Klass ak Maestwo Ritchie pa vini ak anyen ki nouvo nan mizik sa .
Sèlman 4 jou aprè , ekip Klass la deside sòti “M Poko Ap Bay ” ki se premye mizik Cadelouse chante poukont li nan djaz la. Chantèz lan ki te entegre gwoup lan kòm senp koris manyen kesyon flannè ki pa fin onèt epi ki ap chache tout jan pou yo pran sa yo bezwen nan men yon fi pandan fi sa limenm deside swiv anvanl bay. Entènot yo gentan gade videyo mizik sa plis pase 554 mil fwa. Tit sa fè pale anpil tou, si gen moun ki ap bay opinyon yo sou talan ak vwa Cadelouse, gen anpil lòt ki panse se paske premye mizik lan pa mache ase ki fè gwoup lan mete mizik sa deyò rapid konsa.
Kòmsi sa pat sifi , 16 avril la Klass sòti ofisyèman “One Life (Eh-Ah)” mizik sa li te konn abitye jwe yon pati nan kèk pèfòmans li bay dènye mwa sa yo . Men la ankò nouvo tit sa , kreye polemik akòz yon pati ladanl ki fè alizyon ak chen yo lage dèyè djaz lan. Plizyè moun estime fraz sa se yon atak dirèk kont kèk aktè nan milye mizik ayisyen an.
Samdi 22 avril.
Yon seri deba ki sanble pa gen gwo enpak sou gwoup lan paske, nan yon  mesaj yo  poste sou paj Facebook gwoup la, yo sèlman remèsye fanatik yo epi ba yo randevou nan Amazura nan vil New York, Samdi 22 avril sa pou vin fete 11 lane egzitans yo.
Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste

Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média

Leave a Comment
Tags: 16 avril 2023 Cadelouse facebook Klass Lanmou n' kidnape M Poko Ap Bay New-York One Life (Eh-Ah) Pipo Ritchie Samdi 22 avril