Tomas Tuchel konnen 3zyèm defèt li sou 7 match ak Bayern

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
tomas tuchel konnen 3zyèm defèt li sou 7 match ak bayern

Depi rive ansyen antrenè Chelsea a nan tèt ekip Bayern Munich lan, rezilta yo pa bon ditou. Jodi  samedi a, nan kad 29vyèm jounen Bundesliga, Thomas Tuchel konnen 3zyèm defèt li sou 7 rankont, fas ekip Mayence lan (3-1), yon estatistik Nagelsman te genyen sou 37 match. Defèt sa mete Bayern nan 2zyèm plas klasman ak 59 pwen nan do Borussia Dortmund (60 pwen).

Yon lòt echèk pou Thomas Tuchel ak Bayern Munich aprè eliminasyon l nan Champions League la, sou 7 match ekip la pèdi 3, li fè 2 nil ak 2 viktwa : Dortmund (4-2), Fribourg (1-2), Fribourg (1-0), Manchester (0-3), Hoffenheim (1-1), Manchester City (1-1), Mayence (3-1), yon bilan negatif pou ansyen antrenè PSG a.

Aprè gren gòl Sadio Mané nan 29vyèm minit match la, Bavarois yo te fini premye mitan ak avantaj la, ekip Mayence lan ta pral reyaji nan 2zyèm pati a epi make 3 gòl ak L. Ajorque (65kyèm), L. Barreiro 73zyèm’ Aarón Martín 79vyèm. Ekip Mayence lan ranvèsè ekip Bayern nan, Thomas Tuchel ap monte yon kalvè pou debi li ak klèb kapital la.

Yon lòt bò, prezidan ekip la pat rete nan silans li aprè katastròf sa.

 » ekip la te plonge nèt aprè egalizasyon an. Ekip la te pèdi tout konfyans li. Nou te kontwole jwèt la nan premye mitan, men nou te bliye fè 2zyèm gòl la » se deklarasyon Herbert Hainer, prizidan klèb la,

Aprè bèl viktwa sa ekip Mayence lan monte nan 6zyèm plas klasman an, epi Bayern nan li menm pèdi tèt klasman, yon Bundesliga ki poko gen mèt sezon sa, paske eka yo pa anpil nan Top 5 lan.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article