Categories: AN KREYÒL NBA SPORTS

Nan ki franchiz Russell Westbrook ap jwe sezon k ap vini

Share

Aprè echèk Russell Westbrook ap Lakers yo, jwè a te rive rebondi nan Playoffs la ak Clippers yo. Pèfòmans li yo te rive montre ki kalite jwè li ye. Fanatik yo te satisfè malgre eliminasyon ekip la nan premye tou. Yon eliminasyon ki afekte jwè a anpil. Pou sezon k ap vini an, gen anpil dout sou kote jwè a ap depoze valiz li mwa oktòb paske mwa fevriye pase a anpil ekip pa t vle jwè a.

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Kesyon yo kontinye a poze sou Russell Westbrook ki poko konnen kote l ap jwe mwa oktòb kap vini. Nan atik Brett Siegel te ekri pou ClutchPoints, jounalis la fè konnen Los Angeles Clippers vle fè jwe a rete pou yon lòt sezon. De pati yo ta sipoze mete yon dakò. R. Westbook vle byen anvi rete nan ekip la.

Yon sipriz sèlman kapab pouse jwè a nan yon lòt franchiz, paske pou kounya pèson pa konnen pwopozisyon kontra Clippers yo vle bay jwè a, èske se pou yon lane oubyen plis? San bliye konbyen kòb y ap peye l. Men konsa tou negosiyasyon yo kapab anpeche jwè a rete, sa ki ka poze gwo pwoblèm bò kote fanatik yo.

Gabriel Emmanuel

Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive

Leave a Comment
Published by
Tags: Lakers Los Angeles Clippers playoffs Russell Westbrook