Batay pou Lig dè Chanpyon an ap kontinye nan Premier League lan pou sezon kap vini. 4èm nan klasman an ak 66 pwen, Manchester United nan yon kous ak Newcastle ki devan l ak 3 pwen epi ekip Liverpool la k ap mete presyon an sou li. San bliye final FA Cup la k ap tann li 3 jen fas Manchester City. 4 dènyè match yo desizif anpil pou ekip Ten Hag la.
4 match sèlman ap deside kalifikasyon ekip Manchester United lan pou pi gran konpetisyon an Ewòp la ak tit FA Cup la. Si lòt klèb nan vil Manchester a sou wout pou yon triple istorik, Reds Devils yo ap batay pou yon plas pou Lig dè Chanpyon an epi prepare yo pou final FA Cup la fas Citizens yo.
Nan konferans pou laprès avan rankont fas ekip Bournemouth lan, jodi samedi a, teknisyen nèlandè a te reyaji konsa: « Nou kapab amelyore nou nan match sa, sa nou dwe fè sezon k ap vini. Nou rete 3 match enpòtan pou yon plas nan Lig dè Chanpyon an. »
Yon lòt bò, antrenè Manchester United fè konnen sou lide pou yo ta anpeche Manchester City fè triple a sezon sa. « Lè tit Premier League la echape w, epi nou gen posiblite pou n ta pran tit FA Cup la. Wi, n ap pwofite anpeche City fè triple a. Nou dwe rete konsantre epi kontinye fè travay nou match aprè match. »
Final FA Cup la ap fèt 3 jen k ap vini nan Wembley a, posibilite pou Citizens yo ta repete triple Manchester United te fè nan lane 1999, kote l te pran chanpyona, Koup epi Lig dè Chanpyon. Jwè Ten Hag yo k ap boukle sezon an ak yon kalifikasyon pou Lig dè Chanpyon epi tit FA Cup la.
Facebook Comments