Yon twazyèm tit Premier League youn dèyè lòt pou Manchester City

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
yon twazyèm tit premier league youn dèyè lòt pou manchester city

Avèk defèt (0-1) Arsenal fas Nottingham Forest lan, Manchester City ofisyèlman sakre chanpyon Premier League la sezon sa. Citizens yo ranpòte yon twazyèm chanpyona youn aprè lòt.

Manchester City kontinye avèk dominasyon li an sou foutbòl anglè a. Gunners yo ki t ap mennen chanpyona anglè an pandan pifò sezon an, pèdi tit la nan fen chanpyona a avèk yon ekip Citizens ki t ap kraze tout sa l jwenn sou wout li depi kòmansman ane a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Sky Blues yo ki te gen 4 pwen anplis Arsenal avan 37èm jounen an, asire yo y ap fini nan tèt chanpyona a sezon sa a malgre twa match yo genyen anreta yo. Manchester City pran yon twazyèm tit Premier League youn aprè lòt, senkyèm sou lòd antrenè espanyòl la, Pep Guardiola.

Citizens yo ki nan kous pou fè triple istorik la sezon sa, ranpòte premye tit sa toujou annatandan final FA Cup la fas Manchester United nan kòmansman mwa jen an ak final Lig dè Chanpyon an kont ekip Inter Milan an 10 jen, nan vil Istanbul.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.