LeBron James, youn nan pi gran modèl nan istwa NBA a

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
lebron james, youn nan pi gran modèl nan istwa nba a

Ak 38 lane, LeBron James ap jwe final konferans Lwès la fas ak Denver. King lan gen 20 lane depi l kòmanse jwe nan NBA a, kote l te jwe premye match li 29 oktòb 2003. Jwe nan NBA a se youn, men rete nan wo nivo baskèt la pandan 20 lane se pa yon kado. Yon jwè ki bezwen yon modèl, pou l kapab jwe nan NBA a, paka pa panse ak “King” lan. Kisa ki koz jwè a rete nan wo nivo a pou tout tan sa?

Lebron James nan istwa NBA a se 20 lane talan ak konsistans. Ak 38 lane, jwè a rive kenbe fòm fizik li epi kontinye afiche pefòmans majik li yo. Pou anpil jwè, Lebron James rete anfòm pandan 20 lane nan NBA a, se paske l pran swen kò li epi depanse anpil milyon dola pou sa, sa ki lakoz li pa blese souvan.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Anpil jwè montre klè Lebron James se yon modèl pou yo epi yo bay agiman ki pouse yo pran “King” lan pou sa.
Men sa Scoot Henderson fè konnen: “Mwen vle pran swen kòm, m panse se bagay ki pi enpòtan LeBron rive fè. Nou tout konnen LeBron se yon jwè dominan, li puisan anpil. M retrouve m nan li, m espere rive nan dimansyon l”. Pi lwen, Brandon Miller delkare : “Kò a se yon bagay ki pi enpòtan nan NBA a, li kapital. Li jwe yon wòl esansyèl pou yon jwè bati yon karyè. M espere rete nan Lig la pendan 20 lane. Pou Drew Timme li menm : ” jwe pandan 20 lane nan NBA a, se yon bagay fou. Pa gen anpil jwè ki ka fè l, m kwè li fè anpil travay sou sa l ap manje ak kondisyon fizik li.”

Si l ap difisil pou anpil jwè ta swiv lejand NBA a pa rapò ak karyè li epi reyalizasyon l, men anpil kapab pran l kòm yon modèl pou fè chemen yo epi reyalize rèv yo. Pa gen pi bon egzanp nan istwa NBA a pase MVP final 2020 an pou dènyè deseni sa yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive