Bayern tonbe fò fas RB Leipzig nan Bundesliga a

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
bayern tonbe fò fas rb leipzig nan bundesliga a (1)

Yon sezon konplike pou ekip Bayern lan ki kapab fè sezon blanch. Jodi samdi a, nan Allianz Arena, RB Leipzig kase mete nan men Bavarois yo (3-1), poutan yo te ouvè mak la ak Serge Gnabry. Yon defèt ki ralanti ekip Tuchel la pou tit Bundesliga a sezon sa. Posiblite pou Borussia Dortmund pase devan yo demen dimanch lan depi l bat Augsburg.

Aprè 20 minit, ekip RB Leipzig la egalize ak Bayern ki te 1-0 epi make 2 lòt gòl pou pliye match la. Yon viktwa ki nan avantaj ekip Dortmund lan ki kapab pran tèt klasman Bundesliga a aprè match fas Ausburg la. Ekip Marco Rose la te briyan nan jwèt li. Siksè sa pèmèt yo tou jwenn plas yo pou yon 5èm fwa nan Lig dè Chanpyon an.

Bitè ekip RB Leipzig yo se : K. Laimer (64’), C. Nkunku sou penal (76’) epi D. Szoboszlai (86’).

Bayern sou wout pou l pa ta pran yon 11èm tit youn kole ak lòt nan Bundesliga a. Yon sitiyasyon ki kapab fè fanatik yo revòlte kont direksyon an. Paske avan Tuchel te rive nan tèt ekip la, Bayern te sou 3 tablo (yo elimine nan Lig dè Chanpyon an ak tout Koup Almay la), kounya yo riske pa pran Bundesliga a, sa ki ap yon desepsyon pou klèb la.

Aprè 10 tit Bundesliga, Bayern kapab bay plas la ak yon lòt ekip nan chanpyona Almay la. Se ap yon siyal pou montre konpetisyon an pran galon sezon sa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article