NETALKOLE

Yon fiziyad nan Petyonvil kite de moun viktim

Yon fiziyad nan Petyonvil aprèmidi 4 jiyè a kite omwen de moun viktim. Premye viktim nan, yon gason, mouri toupre Oasis Hotel, epi a kèk mèt de yon patwouy lapolis. Sa montre jan sitiyasyon ensekirite a grav nan zòn nan.

Dezyèm viktim nan, ki blese grav, te jwenn atak la nan antre Mòn Laza, bò legliz Lamane nan. Moun sa a yo te mennen l rapid vit nan lopital pou jwenn swen nesesè yo, nan moman atik sa ap ekri (7è50 nan aswè), daprè kèk moun nan Mòn Laza, viktim nan ta sanble rann dènye souf li nan Lopital.

Gen anpil konfizyon sou kilès ki fè atak la, paske pa gen enfòmasyon klè ki disponib pou konnen esi se menm moun yo ki fè tou de atak yo. Pèp la ap mande pou plis transparans ak sekirite nan zòn nan pou anpeche lòt aksidan konsa rive ankò.

N ap raple, dimanch ki te 31 jen an, yon mesye aje te tonbe anba bal nan antre Mòn Laza. Se sak fè popilasyon zòn sa mande otorite yo fè ankèt sou evènman sa a pou jwenn detay sou moun ki responsab fiziyad la. Petyonvil kontinye ap fè fas ak gwo pwoblèm ensekirite ki bezwen solisyon ijan.

Articles Similaires

1 of 1 214

Laisser un commentaire