Chèf gouvènman an ki t ap adrese l ak nasyon an nan sware mèkredi 17 jiyè a mande pou Lapolis, ki gen soutyen misyon miltinasyonal la, ak Lame Dayiti kòmanse mennen operasyon nan zòn ki anba kontwòl gang ame yo.
Aprè premye jounen afwontman ant ofisye kenyan yo ki te gen sipò Lapolis la fas bandi yo nan zòn anba lavil la, nan Pòtoprens, Premye minis Garry Conille pran lapawòl pou fè konnen tout dispozisyon deja pran pou fòs sekirite yo repran kontwòl teritwa ki anba men bandi ak zam yo.
Premye minis lan fè konnen, depi anviwon twa semèn, gen gwo diskisyon ki fèt ant responsab yo nan PNH la, Etamajò Lame a, sèvis ransèyman yo, ansanm ak responsab yo nan misyon miltinasyonal la, pou defini estrateji k ap pèmèt yo rive demantle tout bon vre gang ame yo ki kontwole daprè Nasyonzini 80% teritwa rejyon metwopolitèn lan.
Chèf gouvènman an ki te montre l fè m nan pawòl li yo, te pwofite egalman pou kite kèk mo pou medya anliy yo sou konpòtman yo dwe afiche sou tèren an nan moman operasyon yo. Premye minis lan mande jounalis yo pou pa pran imaj sou pozisyon fòs sekirite yo, ki kapab sèvi nan avantaj gang yo.
Nan sans sa, gouvènman tranzisyon an anonse yon eta ijans sekiritè sou tout depatman Lwès la ak nan Latibonit, prensipalman sou tout teritwa ki sou kontwòl gwoup ame yo. Desizyon sa pral sèvi pou bay fòs sekirite yo mwayen efikas pou aji pandan operasyon kont gwoup ame yo.