AN KREYÒLINSECURITE

Bandi ak zam 400 Mawozo kontinye enpoze lwa yo nan komin Gantye

Byen bonè dimanch 4 dawout 2024 la, gang 400 Mawozo atake direksyon Ladwàn ki nan komin Gantye an kote yo mete dife nan yon machin blennde Lapolis ki te sou lakou an, epi nan yon pati nan lokal la.

Alòske otorite yo pa sispann fè diskou pou fè konprann lavi sanse reprann nan rejyon metwopolitèn lan, bandi 400 Mawozo nan Kwadèboukè yo replike jodi dimanch lan kote yo repran kontwòl biwo ladwàn lan ki te sou siveyans Lapolis.

Nan yon videyo ki deja viral sou rezo sosyal yo, chèf gwoup gang sa, Lanmò San Jou, t ap revandike atak sa bò kote yo dizèn jèn gason ak gwo zam fann fwa ki t ap kriye viktwa pandan blennde Lapolis la ak lokal ladwàn lan t ap pase anba dife.

N ap raple, aprè atak ki te fèt semèn pase an sou zòn ki tou pre Gantye yo, plizyè inite nan Lapolis la ansanm avèk ofisye kenyan yo te deplase pou kapab repran kontwòl sitiyasyon an. Yon pwoblèm ki toujou rete antye avèk atak sa gang yo fè jodi dimanch lan.

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.