« Abraham di sètase » : PM Ariel Henry fè bandi yo pwomès

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
« abraham di sètase » pm ariel henry fè bandi yo pwomès

Kolektif  »Défenseur Plus », yon òganizasyon dwa moun, pa mete dlo nan bouch li pou kritike konpòtman Wo kòmandman Polis Nasyonal Dayiti a ak gouvènman ayisyen an fas ak kondisyon vi polisye yo ki nan lari a ki pa sispann depafini alòske yo ta sipoze jwenn akonpayman otorite yo.

Estrikti sila a, ki gen nan tèt li Antonal Mortime, eksprime kòlè ak endiyasyon li pou jan li wè bandi ak zam ap retire lavi gadyen lapè yo nan kapital la kou nan vil pwovens yo. Li denonse tou asasina plis pase yon 15èn polisye pandan 4 premye semèn mwa janvye 2023 a, epi mande ouvèti yon ankèt sou lanmò yo.

- Advertisement -
Ad imageAd image

« »Défenseur Plus » mande tèt li: kòman yon gouvènman kapab esplike avèk fanmi viktim yo, pitit yo mouri, yo pa menm ka jwenn kò yo pou yo fè fineray ki diy, pou yo rann yo yon dènye omaj. Kòman w ka esplike yon manman pitit, yon papa pitit, yon frè ? », se deklarasyon M. Mortime.

Responsab la mande, kòman polis la kapab motive nan yon peyi ki chaje gang kote dirijan yo pa montre yo konpetan nan divès domèn kote yo pa gen lejitimite nan zye popilasyon an.

« Dwa a lavi se yon dwa moun, se yon dwa tout moun genyen menm jan avèk polisye yo tou k ap fè metye zam e dwa sa se konstitisyon an ki konsakre l, se konvansyon entènasyonal yo ki konsakre l », li ajoute.

Kolektif Défenseur Plus denonse konpòtman gouvènman an ki pasif, li deklare « se yon konpòtman ki pa akseptab ak konpreyansib » paske nan lane 2022 a te deja gen yon swasantèn polisye ki mouri nan move kondisyon: pyès ankèt pa mennen, ni okenn demach pa fèt pou rann yo jistis, ni pou dedomaje fanmi yo

 

Plis pase 75 polisye mouri depi envestiti Ariel Henry a

 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Alòske 4 polisye te deja mouri nan Metivye, nan komin Petyonvil nan yon anbiskad bandi, jedi 26 janvye a, yon jou aprè asasina 6 lòt polisye yo nan Lyankou, depatman Latibonit, plizyè santèn polisye epi sivil ak zam te pran lari, ak sipò yon pati nan popilasyon an, pou te rele chalbare dèyè Wo kòmandman PNH la ak gouvènman Tèt Kale a.

Sou wout yo pwotestatè yo te fè plizyè dega epi te menm rive mennen plizyè atak kont 2 rezidans premye minis peyi a Ariel Henry, yo kenbe responsab nan lanmò polisye sila yo pami kèk lòt.

Nan lide pou te mete lapat sou PM nan, polisye sa yo te rive bloke ak atake lokal ayopò entènasyonal Toussaint Louverture a, nan moman dirijan t ap sot patisipe nan yon somè an Ajantin. Yo menm rive te atake 2 rezidans Ariel genyen, youn nan Musseau, Delmas 60, epi lòt la Vivi Mitchell.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan yon rapò li rann piblik, Rezo Nasyonal Defans Dwa Moun (RNDDH) fè konnen, se “78 polisye ki mouri depi lè Ariel Henry envesti kòm Premye minis nan tèt peyi a depi 20 jiyè 2021”.

Si Kolektif Défenseur Plus denonse silans rejim Tèt Kale 3yèm vèsyon an nan sitiyasyon aktyèl la, pa bò kote pa l RNDDH deklare « bandi ak zam yo vin pi fò ak pran plis teritwa, epi se gouvènman PHTK ki ranfòse yo ak rann yo pi awogan. Se sa k fè lapolis la ap viktim chak jou konsa ».

Pou Pierre Espérance « kit se polisye administratif, kit yo nan inite espesyalize ; senp ajan oubyen wo responsab ; kit yo baze nan Pòtoprens oubyen nan vil pwovens yo : anyen paka epanye lavi polisye yo, sitou sak nan Lwès yo, yo plis ekspoze ak bandi yo ».

Direktè ekzekitif ògàn defans dwa moun nan lage lanmò 78 polisye sa yo nan pla men chèf Konsèy Sekirite Polis Nasyonal d Ayiti a (CSPN) Ariel Henry ak tout direktè jeneral PNH la, Frantz Elbé.

« Istwa ap kenbe de nou nou pa t fè anyen pou te pwoteje ak prezève lavi ajan sila yo ki te chwazi sèvi peyi yo » : Pierre Espérance

 

Ariel pwomèt l ap akonpaye fanmi polisye viktim yo

 

Se sèlman 2 jou aprè lanmò polisye yo anba bal bandi baz Gran Grif yo lokatè Primati a deside pran lapawòl sou dram nan.

Ayè vandredi swa, nan yon diskou ki anrejistre alavans, Ariel Henry prezante kondoleyans li ak fanmi polisye ki viktim yo epi deklare : « pitit pèp la ki chwazi defann peyi yo merite yon lòt tretman. Nou pa p aksepte, nou p ap janm aksepte sa. Abraham di sètase »

Chèf CSPN nan – plizyè polisye, sivil ak òganis k ap defann dwa moun rann responsab nan lanmò polisye yo – nan deklarasyon l fè konnen batay kont gang yo pa p kanpe.

« N ap kanpe djanm, n ap mare ren nou pou nou di an avan », deklarasyon lokatè Primati a, ki rete kwè se nan tèt ansanm solisyon an ye.

Yon lòt kote, Ariel Henry mande Wo kòmandman lapolis la pou bay li yon rapò nan 24 è k ap vini la yo sou sitiyasyon an, pandan rekòmandasyon polisye yo ap sou tab diskisyon yo. Tout sa nan lide pou timoun yo ka reprann chimen lekòl epi pou misyon diplomatik yo k ap reprann aktivite yo, daprè li menm.

 

Tornade 1, yon operasyon pou bay bandi yo yon repons

 

Pa bò kote pa li, Wo Eta majò polis la, ki gen nan tèt li Frantz Elbé – kèk tan aprè plizyè rakwen peyi a te fin leve cho kou vè lanp avèk mouvman pwotestasyon polisye yo – lanse yon operasyon pou demantle gang yo k ap simaye dèy ak latwoublay nan mitan popilasyon an, san l pa kite dèyè enstitisyon polisyè a.

Tornade 1, se konsa nimewo 1 PNH la batize operasyon sila ki pra l dewoule nan tout rakwen peyi a pou bay bandi yo yon repons pwopòsyonèl.

Frantz Elbé pwomèt tou « sekirite tout Komisarya yo ap ranfòse ansanm ak tout inite yo ».

« Genyen lòt mezi k ap vini nan pa twò lontan pou ankadre ak pwoteje polisye yo nan kad batay y ap mennen kont bandi yo », se sa li fè konprann nan yon konferans pou laprès ayè vandredi a nan aprèmidi.

N ap raple, se pa kounya polisye ap mouri akòz pwisans gang yo k ap ranfòse chak jou pi plis. Si nan yon premye tan se kèk katye nan zòn metwopolitèn Pòtoprens lan ki te anba men bandi yo, pou kounya yo etann enfliyans yo byen lwen atravè alyans yo fè ak lòt gang. Pwosesis sila te kòmanse ak kowalisyon gang G9 an Fanmi e Alye sou prezidan Jovenel Moïse.

Ensekirite a ap vale teren depi plizyè lane, men depi aprè asasina 58yèm prezidan Repiblik la Jovenel Moïse, sitiyasyon an dejenere. Anyen paka fonksyone an pèmanans an rezon kriz politik la ki gen priyorite sou tout bagay, pami yo sante ak edikasyon.

Fas ak sitiyasyon aktyèl la, ki ap pèsiste depi septanm 2022 aprè dola te kòmanse bon jan souflete goud la epi akòz gaz ki pa janm ka genyen an konstans sou teritwa, pouvwa Ariel Henry a rete kwè se sèl atravè entèvansyon yon fòs etranje peyi d Ayiti ka rale yon souf. Malgre divès etid ki fèt sou posiblite sila pa bò kote plizyè peyi, tankou Lèzetazini ak Kanada, youn nan yo pa vle pran tèt misyon sila.

N ap raple, daprè RNDDH « dènye sèn vyolans peyi a ap anrejistre la yo se pou montre nesesite yon entèvansyon militè prese prese sou teritwa ayisyen an. Se yon estrateji Ariel Henry mete kanpe pou fè bòt fere rantre nan peyi a, se sa Pierre Espérance deklare.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.