Ansyen kandida minisipalite Leyogàn nan Mackendy D’Haïti, mouri anba bal bandi

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
ansyen kandida minisipalite leyogàn nan mackendy d'haïti, mouri anba bal bandi (1)

Move nouvèl pou vil Leyogàn, Mackendy D’Haiti, ki se yon ansyen kandida pou pòs majistra komin nan epi opozan fawouch rejim anplas la PHTK, pèdi lavi li pandan jounen vandredi 27 janvye 2023 a, daprè enfòmasyon sous nou ka fè konfyans yo te konfime nou. 

Daprè premye eleman enfòmasyon sous nou yo relate pami yo TripFoumiInfo,  se ta yon ekip nèg ki soti Kafou ki ta komèt zak la, ensidan an pase andedan yon site ki pote non « Anacaona ». 

Viktim nan, daprè fanmi l, se te yon manm Pati politik Pitit Desalin, se ansyen Senatè Moïse Jean Charles k ap mennen bak pati sa a. 

Pou moman n ap ekri atik sa a 4è ak 10 minit nan aprè midi, yo poko kominike pyès endis ofisyèl ki lakòz zak sasinay sila a. Eske se yon atak politik? Jiskaprezan poko gen yon repons. 

 

Facebook Comments

Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.