Pou 19vyèm jounen Liga a, Barcelone genyen Girona (0-1) anba mizè epi pèdi O. Dembélé, ki soti blese nan rankont lan. Yon viktwa ki bay Blaugrana yo 6 pwen sou Real Madrid k ap jwe fas Real Sociedad, demen dimanch lan.
Barcelone rive genyen Girona ak anpil difikilte epi pran tèt klasman Liga a ak 47 pwen. Nan match sa ekip Xavi a pèdi yon bon selman, ki se O. Dembélé, ki te soti blese nan preyme mitan an, Pedri ta pral ranplase Fransè a epi fè grenn gòl viktwa a.
Jèn Espanyòl 20 lane a ta pral enskri grenn gòl match la pou Barcelone, pendan l tap jwe 100tyèm match li sou koulè ekip Catalan an. Gòl Pedri a bay ekip Barcelone nan tèt klasman devan Real Madrid ak 6 pwen davans.
Real Madrid ap gen pou l jwe kont Real Sociedad, demen dimanch lan, ki 3zyèm ak 38 pwen nan klasman an, se yon rankont k ap enpòtan pou tou 2 klèb yo.
Facebook Comments