Direksyon jeneral Achiv nasyonal Ayiti a anonse, nan yon tan ki pa lwen, Sant k ap resevwa epi livre dokiman idantite yo pral kapab relouvri aprè plizyè nan biwo anèks yo te sakaje pandan peryòd pwotestasyon peyi a te konnen sou dènye mwa yo.
Direksyon jeneral Achiv nasyonal la prezante eskiz li ak popilasyon an, prensipalman pou kanpe sa sèvis li yo te konnen pandan anviwon de mwa akoz enpak mouvwman pwotestasyon yo te genyen sou plizyè anèks enstitisyon an kote plizyè nan yo te vandalize epi sakaje.
Enstitisyon an anonse l ap travay pou ratrape tout reta yo epi trete dosye k ap soufri yo avan pou relouvri sèvis li yo sou tout teritwa nasyonal la atravè Sant resepsyon ak livrezon dokiman idantite yo apati 5 desanm 2022.
Direktè jeneral Achiv nasyonal la, Jean Wilfrid Bertrand, remèsye piblik la an jeneral pou konpreyansyon ak koperasyon l, ki daprè li, pèmèt enstitisyon an planifye ak reòganize kèk nan sèvis li yo nan lide pou kenbe epi amelyore kalite sèvis y ap ofri kliyantèl lan.
Facebook Comments