Yon fanatik monte teren an ak yon drapo akansyèl  

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
yon fanatik monte teren an ak yon drapo akansyèl  

Nan match kote Pòtigal bat Irigwe (2-0) jounen 28 Novanm nan, gen yon fanatik ki te rive monte teren an. Se yon siy pwotestasyon pou kòz kominote LGBTQI+ la. 

Jan nou konnen l deja, yo te refize drapo akansyèl yo sikile nan ansent stad yo pandan Mondyal 2022 a. Peyi Kata pa nan danse kole ak revandikasyon k ap fèt alawonnbadè pou kòz LGBTQI+ la. Jodi a, gen yon fanatik ki brize kòd yo pandan l penetre teren an ak drapo li nan men l. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan mayo « Superman » ki te sou li a, te gen plizyè lòt revandikasyon nou te kou li devan kou dèyè. « Respect for Iranian woman » se pou pwoteste kont move tretman fanm yo jwenn nan peyi Iran. Te genyen tou « Save Ukraine » kòm pwotestasyon kont sa Ikrèn ap sibi anba men Larisi. 

Yo te rive metrize fanatik sa ki te kite drapo akansyèl la sou pelouz la. Se finalman abit la kite wete l. Pandan yo toujou di espò se yon sektè ki apolitik, toujou gen gwo mesaj ak gwo konba politik k ap fèt nan pi gwo evènman espòtif yo. Aksyon ki fèt jodi a pa premye a, e n pa kwè se ap dènye a. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.