Madanm Kobe Bryant resevwa 29 milyon dola dedomajman pou foto kadav mari l ki nan lari 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
madanm kobe bryant resevwa 29 milyon dola dedomajman pou foto kadav mari l ki nan lari 
Vanessa Bryant, ki se vèv lejann baskètbòl Kobe Bryant, resevwa yon sòm 29 milyon dola ameriken nan men otorite yo nan Los Angeles akòz foto kò san vi mari li te pran lari aprè aksidan elikoptè 26 janvye 2020 an. Li resevwa kòb sila madi 28 fevriye 2023 a.
Aprè dram nan, ki te koute lavi ak plizyè lòt moun tou, pami yo Gianna ki se pitit fi Kobe, plizyè ponpye ak sekouris ki te sou plas te fè foto trajedi a ak tout kadav yo. Foto sila yo te rive jwenn plizyè pwòch fanmi viktim nan ak lòt moun.
Se Los Angeles Times ki te revele ekzistans foto yo yon mwa aprè “crash” la, e depi lè sa Vanessa Bryant nan touman.
Konsa tou n ap raple, yon ankèt ki mennen depi 2007 te montre laprès renmen kreye sansasyon kay sekouris ak anketè yo nan ofri yo gwo lajan pou yo ka jwenn enfòmasyon lè gen yon aksidan oubyen arestasyon yon pèsonalite.
Nan sans sa, Vanessa Bryant te eksprime enkyetid li pou foto defen mari l ak tout pitit li pa pran lari yon jou. Konsa li te entante yon aksyon devan lajistis pou domaj emosyonèl. Komite Los Angeles la aksepte ofri li madi pase a 28,85 milyon dola ameriken pou regle tout litij ki ka lye ak aksidan an. Madanm nan te deja resevwa 15 milyon dola nan men yon tribinal Los Angeles pou menm motif yo, nan mwa dawout 2022.
Daprè medya ameriken yo, Chris Chester, madanm li ak pitit fi l te mouri nan menm aksidan an, resevwa pa bò kote pa l tou prèske 20 milyon dola.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.