Komisyon minisipal Senmak lan pran desizyon pou sispann tout aktivite prekanaval yo nan komin lan akoz kondisyon ki yo ki pa garanti, sitou aprè asasina polisye yo nan Lyankou an.
Nan yon kominike pou laprès ki pote dat 29 janvye 2023, komisyon an anonse desizyon sa ki pran pou kanpe tout aktivite kanaval yo nan komin lan jiska nouvèl lòd akoz ensekirite an k ap taye banda sou tout teritwa nasyonal la kòm motif prensipal.
Reyaksyon ajan fòs lòd yo aprè asasina frè yo mèkredi ki sot pase a nan Lyankou ki montre a ki pwen yo demoralize fè pati rezon ki pouse administrasyon minisipal Senmak la kanpe aktivite prekanaval yo nan komin lan.
Nan kominike sa ki adrese ak tout otorite nan vil la, komisyon an fè konnen li espere tout prensipal konsène yo ap konprann enpòtans desizyon sa ki pran nan yon moman kote ajan fòs lòd yo demobilize epi deteryorasyon klima sekirite an nan peyi an.
Facebook Comments