Entènasyonal potigè an ki pèdi plas li kòm titilè nan ekip Manchester City an pral kapab fin jwe rès sezon an nan peyi Almay avèk Bayern Munich kote l angaje sou fòm prè pandan 6 mwa k ap vini yo.
João Cancelo ateri jounen lendi 30 janvye an nan peyi Almay pou pase vizit medikal yo avan pou l siyen ofisyèlman ak klèb alman an nan kad kontra prè sa ki gen ladan l yon opsyon pou Bayern Munich achte l.
Lateral pòtigè 28 lane a kite ekip Manchester City a pandan mwa janvye an aprè yon mitan sezon konplike nan chanpyona anglè a, kote depi kòmansman sezon an li pratikman pèdi plas li kòm titilè, avèk tou move relasyon ki vin gen ant li menm ak Pep Guardiola.
Aprè kontra prè 6 mwa sa, Bayern Munich gen posiblite entegre definitivman João Cancelo nan efektif yo an pou yon valè ki estime a 70 milyon ewo daprè sa enfòmasyon ki sòti nan medya anglè yo.
Aprè Espay, Itali ak Angletè, lateral goch potigè a pra l dekouvri yon nouvo chanpyona sou kontinan ewopeyen an avèk prezans li nan yon ti kras tan ankò nan Bundesliga a.
Facebook Comments