Al-Nassr, ekip Cristiano Ronaldo a elimine nan Sipè koup sawoudyen an

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
al nassr, ekip cristiano ronaldo a elimine nan sipè koup sawoudyen an
Depi lè Pòtigè a kite Ewop la bagay yo prèske p ap twò byen mache pou li sou teren an. Cristiano Ronaldo rate premye chans pou l te ranpòte yon tit avèk nouvo klèb li Al-Nassr Riyad.
Ekip la elimine nan Sipè koup Arabi Sawoudit la 1 gòl a 3 devan Al-Ittihad FC, epi rate final la aprè yon vye pèfòmans sou teren an. Malgre se li ki te mennen ekip la kòm kapitèn, sa pa t sifi pou pèmèt Ronaldo mennen yo nan final.
Cr7, ki se youn nan meyè jwè mond lan (aprè Lionel Messi), poko ka konvenk fanatik li yo ak Al-Nassr menmsi repitasyon l pran devan l nan zafè foutbòl an rezon plizyè tit li pran deja nan plizyè konpetisyon sou kontinan ewopeyen an, men reyalite a diferan nan dezè Arabi Sawoudit la.
Cristiano Ronaldo rate okazyon pou l te bay ekip li egalizasyon 1-1 nan premye mitan, men l pa t gentan pwofite okazyon an ki file anba men l.
Se Alshanqeeti, Romarinho ak Hamdallah make pou ekip vizitè a, epi Anderson Talisca fè grenn gòl Al-Nassr la, ki malerezman elimine. Li pral fè ti final kont Al Feiha dimanch pwochen.
N ap raple, se dezyèm match konpetisyon foutbolè entènasyonal 37 lane a jwe pou nouvo klèb li, Al-Nassr Riyad. Premye match la, li te pèdi 1-0 fas ak Al-Ettifaq.
Cr7 siyen yon kontra 2 zan edmi desanm pase a, l ap touche 200 milyon ewo pa sezon, ladan l tou gen resèt sou piblisite yo. Li genyen zye mond lan sou li avèk nouvèl avanti sa k ap dewoule nan dezè sawoudyen an, kidonk Cristiano Ronaldo gen enterè pou l make nouvo teritwa sa ak pèfòmans li jan l te pwomèt sa apenn li te rive sou sab sawoudyen an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.