Polisye Kafou yo mande pou tout Polisye detache yo abandone VIP yo 

Witson Beaujour
Par Witson Beaujour  - Rédacteur
polisye kafou yo mande pou tout polisye detache yo abandone vip yo 

Aprè polisye yo ansanm ak popilasyon komin Kafou an te fin leve sou brenzeng yo ayè jedi 26 janvye a, bagay yo toujou paralize maten vandredi a, yon semèn ki tou debouche sou yon nouvo Peyi Lòk a. Kèk polisye komin sila a lanse yon apèl ak tout polisye detache yo pou yo abandone pòs yo anvè VIP yo, nan sousi pou egzije Leta pou l pran responsabilite l anvè polisye yo. 

Plizyè barikad toujou 17 wotè nan kèk zòn tankou ; Dikini, Ray, elatriye, tout aktivikte toujou rete paralize, machin pa monte, machin pa desann, se kèk moto k ap teke vitès.  Polisye yo yon lòt fwa te mete pye yo atè maten vandredi a ak gwo zam nan men yo, kagoul nan figi, se kèk grenn ki te ak inifòm enstitisyon an sou yo.  

Yon lòt bò, yo lanse yon apèl ak konfrè polisye yo pou yo abandone sèvis VIP yo nan peyi a ki daprè sa yo relate yo, « k ap defann enterè yo ».  

Lanmò 6 polisye yo nan katye Lyankou (Latibonit), 25 janvye pase a rete yon imilyasyon pou enstitisyon sekirite peyi a, nan sans sa a, polisye yo tanmen yon mouvman nan prèske tout peyi a, vil Pwovens tankou Pòtoprens leve sou brenzeng yo, pou denonse zak malveyan sila a. 

Granm bonè maten 27 janvye a, powotestatè yo mache nan plizyè lari nan Komin Kafou pou denonse konpòtman otorite konsène yo devan kalamite polisye yo ap pase a.  Yo pèsiste pou polisye ki nan sekirite rapwoche VIP yo, pou yo abandone pòs yo pou yo ka anbwase kòz tout polisye yo. « Se otorite yo ki bay gang yo manje. Nou dwe abandone yo pou yo ka soufri konsekans aksyon yo”, te deklare youn nan polisye yo ki te benefisye sipò popilasyon sivil la. 

 

Facebook Comments

TAGGED:
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.