Anbasad Amerikèn ofri yon mwayen ak moun ki pa gen ase fon pou ede pwòch yo nan pwogram Biden lan

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
anbasad amerikèn ofri yon mwayen ak moun ki pa gen ase fon pou ede pwòch yo nan pwogram biden lan

Depi lè Prezidan ameriken an, Joe Biden, te fin anonse pwogram Imanitè pwovizwa CHNV-134 la, plizyè milye Ayisyen deja vwayaje pou peyi Tonton Sam gras ak pwogram sila a. Sepandan, anpil nan esponsò yo ap fè fas ak pwoblèm pou sipòte yon benefisyè oswa yon fanmi. Se nan lide sa, anbasad Amerikèn an Ayiti bay yon fòmil ak sipòtè sa yo ki pa gen mwayen pou ede moun sa yo.

Nan yon seri kesyon repons Anbasad Amerikèn an Ayiti pibliye sou rezo sosyal Twitter a, li eksplike ki mwayen yon sipòtè ka itilize pou l ede yon benefisyè si li pa gen mwayen.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Si sipotè m lan pa gen ase resous pou l sipòte m, eske yon lòt moun ka mete avè l pou fè sa?

Pou kesyon sa a, Anbasad Amerikèn an Ayiti eksplike:

“Plizyè sipòtè ka mete tèt yo ansanm pou sipòte yon benefisyè. Nan ka sa a, yon sipòtè ta dwe ranpli yon fòm I-134A epi mete prèv siplemantè ki montre idantite sipòtè adisyonèl ak resous yo dwe bay epi mete yon deklarasyon ki eksplike entansyon yo genyen pou pataje responsablite pou sipòte benefisyè a. Yo pral evalye ansanm kapasite sipòtè sa yo genyen pou yo sipòte yon benefisyè.”

N ap raple nan dat ki te 5 janvye 2023, Prezidan ameriken an, Joe Biden, te anonse posiblite pou imigran ki soti Ayiti, Nikaragwa, Kiba ak Venezyela antre legalman Etazini atravè pwogram sa a ki vize bay jiska 30,000 otorizasyon chak mwa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.