Chalè a rèd, marengwen nan kò moun, pa gen glas pou achte : popilasyon an nan blakawout

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
chalè a rèd, marengwen nan kò moun, pa gen glas pou achte popilasyon an nan blakawout

Nou pati sou plizyè mwa depi plizyè kwen nan kapital la ak zòn anviwon yo nan fè nwa, akoz Elektrisite Ayiti (Ed’H) paka bay kouran. Alòske anpil moun pa sispann mande kote kouran, genyen lòt ki kontante yo resevwa sitiyasyon an jan l vini an.

Nan kèk katye nan Delma, Taba, Petyonvil, konsa tou nan anba lavil ak nan komin Kafou, fè nwè a tabli kò l menm jan ak ensekirite a. Sila ki pa gen mwayen pou achte yon sistèm enèji solèy mete lakay yo, reziyen yo swa achte aparèy ki ka chaje pou yo sèvi oubyen yo pran l ak lanp oubyen balèn.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Anplis sa, se pa de plenyen ki pa genyen akòz zafè blakawout jeneral ki gen sou teritwa a. Chalè a rèd, marengwen nan kò moun, pa gen glas pou achte : se yon kalvè majorite moun ap pase akoz sitiyasyon sa, e yo pa mete dlo nan bouch yo pou denonse sa sou rezo sosyal yo.

Zòn metwopolitèn Pòtoprens lan kou vil pwovens yo nan blakawout. Anplis divès lòt pwoblèm pami yo ensekirite y ap konfwonte. A plizyè fwa, Ed’H pwomèt l ap fè tout mannèv pou founi konsomatè yo kouran, men sa pa janm rive. Nan mwa mas pase a, li te menm lanse yon apèl ijan bay otorite konsène yo pou yo te kòmanse yon ankèt pou idantifye moun ki te atake ak zam sit yo genyen nan Kafoufèy, sa ki te lage abone yo ak popilasyon an nan blakawout. Jiskaprezan toujou pa gen kouran, kisa enstitisyon an ap prepare kòm pretèks pou l lage nan kòlèt popilasyon an k ap tann kouran.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.