Anbasad Etazini an Ayiti mande kalm pou pwoteje popilasyon an 

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
anbasad etazini an ayiti mande kalm pou pwoteje popilasyon an 

Aprè bandi ak zam te fin etenn souf plizyè Polisye nan Lyankou nan dat Mèkredi 25 Janvye 2023 a, yon gwo tansyon te domine, ayè Jedi 26 janvye a nan Kapital peyi a ak kèk vil nan Pwovens yo, kote polisye yo akonpaye pa manm nan popilasyon an te òganize yon mouvman pwotestasyon, konsa tout aktivite yo te sanse paralize nan vil sa yo. 

Yon sitiyasyon ki te pouse Anbasad Etazini an Ayiti reyaji. Vrèman vre, Anbasad Etazini an Ayiti  nan yon nòt di, devan sitiyasyon sa a, li ofri kondoleyans li bay fanmi polisye yo ki te viktim yo e li tou pwofite moman an pou li mande yo kalm nan lide pou pwoteje popilasyon Ayisyen an nan peyi a. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Nan nòt sa a, misyon diplomatik la fè konnen yo bay fòs Sekirite yo tout soutyen yo nan lit y ap mennen pou kwape bandi ak zam nan peyi a. 

« Nou kanpe ak fòs sekirite yo pandan y ap goumen a gang ak zam pou retabli sekirite pèp ayisyen an, » te ekri Anbasad Etazini an Ayiti nan nòt sila a. 

Yon lòt bò, direksyon Jeneral enstitisyon polisyè a enfòme tout Direktè Santral ak Depatmantal yo pou l fè yo konnen PNH la nan eta alèt maksimal e an mòd operasyon, apati Jedi sa a.   

N ap raple RNDDH anonse disparisyon 18 polisye, ki gen ladan 14 ki te touye depi kòmansman lane 2023.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.