Repiblik dominikèn ranfòse fwontyè l aprè atak kont rezidans PM Ariel Henry an 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
repiblik dominikèn ranfòse fwontyè l aprè atak kont rezidans pm ariel henry an 

Depi ayè jedi 26 janvye a, Repiblik dominikèn ranfòse sekirite fwontyè li yo avèk peyi d Ayiti aprè divès sèn briganday ki anrejistre la epi ki mennen ak atak rezidans Premye minis peyi a Ariel Henry, alòske l te apenn rantre sou teritwa a. 

Lokatè Primati a te soti an Ajantin, kote l t al patisipe nan 7yèm Somè Kominote Eta Amerik latin ak Karayib yo (Celac), depi dimanch.  

- Advertisement -
Ad imageAd image

Plizyè manifestan, ki gen ladan yo polisye oubyen sivil ak zam ki idantifye tèt yo kòm polisye, te al bare wout PM Ariel nan Ayopò entènasyonal Toussaint Louverture a, yo menm te mete barikad epi boule kawoutchou pou te fè fristrasyon yo pase swit ak lanmò omwen 6 polisye nan Lyankou, depatman Latibonit, anba zam bandi ki pote kadav yo ale. 

Pwotestatè yo denonse silans gouvènman ayisyen an ak Wo kòmandman lapolis la fas ak sitiyasyon polisye yo ki pa sispann viktim anba men bandi chak jou pi plis.  

Konsa, plizyè ajan Kò espesyalize pou sekirize fwontyè terès yo (Cesfront) konstate depi jedi 26 janvye 2023 a nan demakasyon 2 teritwa yo. N ap raple, gouvènman dominiken an, chak fwa gen sèn vyolans pa bò isit, ranfòse teritwa li a swa avèk ajan Cesfront oubyen militè. 

Laprès dominikèn revele se plis pase 7 200 sòlda ki gen sou fwontyè Ayiti-Repiblik dominikèn nan, ki rete atantif ak sa k ap pase nan peyi d Ayiti. Leta dominiken te mete dispozisyon sa kanpe depi aprè yon gwoup ayisyen te atake enstalasyon pak endistriyèl Codevi yo an septanm 2022 ki sitiye nan bò pa ayisyen yo, tou pre fwontyè Dajabón nan. Depi lè sa Repiblik dominikèn voye cha ak elikoptè konba sou fwontyè a pou bay teritwa li a sekirite. 

 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.