Ministè Afè Etranjè Kolonbyen an nan mitan semèn nan, te anonse Kolonbi pral relouvri konsila li an Ayiti, ki te fèmen depi plis pase 19 lane.
Desizyon sa a te rive pran, aprè Minis Afè Etranjè Kolonbyen an, Álvaro Leyva, te rankontre ak Minis afè Etranjè Ayisyen an Jean Victor Geneus, pandan somè Kominote Eta Amerik Latin ak Karayib yo (Celac) ki te dewoule nan Kapital peyi Ajantin.
« Ministè Afè Etranjè a nan yon deklarasyon, te deklare yo pral kontinye nonmen konsil an Ayiti », te fè konnen Álvaro Leyva.
Nan yo lòt mesaj Minis afè etranjè kolonbyen an te ekri sou Twitter li te di, nan reyinyon yo, yo te siyen yon akò ki gen rapò ak fenomèn migratwa a ak lòt pwoblèm pou konsolide relasyon ant tou 2 peyi yo.
N ap souliye nan lane 2003 Kolonbi te fèmen konsila li an Ayiti. Sa ki te vin fè sitwayen yo nan Pòtoprens dwe ale nan anbasad Kolonbyen an nan Repiblik Dominikèn pou fè pwosedi imigrasyon.
Facebook Comments