Anbasad Taywann an Ayiti lanse 2 pwogram bous etid pou ane 2023 a

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
anbasad taywann an ayiti lanse 2 pwogram bous etid pou ane 2023 a
Anbasad Taywann ki loje l an Ayiti Lanse 2 pwogram bous etid ki se  « MOFA TAIWAN SCHOLARSHIP » ak « ICDF INTERNATIONAL HIGH EDUCATION SCHOLARSHIP PROGRAM » pou ane  2023 a.
Anbasad Repiblik peyi Lachin nan (Taywann) an Ayiti gras ak yon nòt ki pibliye ayè madi 3 desanm 2023 a fè piblik la konnen, enskripsyon pou pwogram bous « MOFA Taiwan Scholarship Program » ak « ICDF International High Education Scholarship Program » pou ane 2023 a deja kòmanse. Yo ofri pwogram bous sa yo pou ankouraje echanj ant jèn 2 peyi yo epi ankouraje edikasyon siperyè. daprè yon presizyon ki nan nòt la.
Jèn Ayisyen ki vle pouswiv etid siperyè yo nan Taywann envite pou aplike pou youn nan pwogram yo chwazi yo lè yo soumèt dosye yo anvan 15 fevriye 2023 k ap vini la a nan Anbasad la.
Anbasad la enfòme potansyèl aplikan yo, pwogram « MOFA Taiwan Scholarship Program » nan gen pou l delivre sitou nan lang mandaren, ki konsidere kòm yon premye ane aprantisaj epi yon pati entegral nan pwogram sa a.
Alòske, « Pwogram Bous Etid Entènasyonal ICDF » yo pral delivre sitou an anglè.
Toujou nan nòt la, yo presize nenpòt aplikan ka aplike sèlman pou yon bous etid, swa MOFA oswa ICDF. Pou moun ki pa satisfè kritè sa a, yo kapab toujou anile aplikasyon yo.
 
Kèk kontak ak adrès pou yon moun ka aplike fasil.
#22, Ri Lucien Hubert, mòn Calvaire, Petyonvil, Ayiti
Telefòn: (509)3775-0109, 4893-7778, 4893-7779

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.