Tansyon nan Thomassin : gang Ti Makak la ap frape

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
Depi ayè madi 3 janvye a, bandi ak zam ki fè pati gang Ti Makak t ap afwonte lapolis nan lokalite Thomassin ki anlè nan komin Petyonvil. Byen ta nan aswè moun te ka tande bri gwo kout zam k ap sonnen.
Thomassin 25, 32, 34, 38, pou n site sa yo sèlman, te sou gwo presyon swit ak echanj kout zam bandi yo ak fòs lòd yo, ki t ap goumen pou reprann kontwòl sitiyasyon an. Moun te oblije rete kache anndan pou yo pa t viktim.
Konsa, plizyè veyikil Police Nationale d’Haïti (PNH) te deplwaye sitou nan Thomassin 25 ak nan papòt Laboul 12, kote rantre nich gang Ti Makak la ye, pou te anpeche kriminèl yo pran teren ak fòs an rezon gwo zam fann fwa yo genyen.
Menm si pa genyen twòp detay ki bay sou fè yo, nou rive aprann genyen yon moun ki mouri. Li te gen zam, men pyès enfòmasyon pa revele si l se yon bandi ou pa.
N ap raple, chèf gang Ti Makak abitye fè prestasyon fòs anlè nan komin Petyonvil ki konn mete lapolis nan gwo difikilte, patikilyèman nan zòn Laboule. Lè yo ale se dezolasyon ak dlo nan je yo kite dèyè. Lapolis konn paka fè anyen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.