Ancelloti se pi bon favori pou vin antrene Brezil

Gabriel Emmanuel
ParGabriel Emmanuel- Rédacteur
ancelloti se pi bon favori pou vin antrene brezil

Depi aprè Mondyal 2022 a, Federasyon foutbòl brezilyen an gen gwo difilikte pou yo jwenn yon antrenè pou seleksyon an. Daprè « Globoesporte » Carlo Ancelotti, ki se antrenè Real Madrid, se pi bon favori pou ta vin pran tèt seleksyon Brezil la.

Federasyon foutbòl nan peyi Brezil, poko janm ka jwenn yon antrenè pou vin antrene seleksyon an, depi aprè echèk yo nan Mondyal 2022 a nan peyi Kata. Yon jounal nan peyi Brezil ki se « Globoesporte » fè konnen jodi jedi a, Carlos Ancelotti pi byen plase pou pòs la.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Antrenè Italyen a ki gen yon kontra ak Real Madrid pou jis 2024, montre anpil enterè ak pwojè Federasyon foutbòl Brezil la. Yon lòt paj nan karyè antrenè a, ki poko janm fè eksperyans ak yon seleksyon.

Prezidan federasyon an Ednaldo Rodrigues, te fè konnen, « nan mwa fevriye sa l ap gen yon reyinyon ak prezidan Real Madrid la Florentino Pérez sou dosye Carlos Ancelotti a ».

Menm jounal sa fè konnen negosiyasyon yo kòmanse, CBF la ta menm fè konnen, yo prè pou yo tann antrenè Real Madrid la pou fen sezon an, konsa y ap kapab mete Italyen an nan tèt seleksyon an.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel Rédacteur
Étudiant en psychologie à la faculté d'ethnologie (UEH) et conférencier. Je suis le rédacteur de la rubrique sportive