Animatè P-Dous demanti enfòmasyon envitasyon pwogram Vilajdedye 9 janvye lan

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
animatè p dous demanti enfòmasyon envitasyon pwogram vilajdedye 9 janvye lan
Se jounalis John Colem Morvan ki te anonse sa sou paj Facebook ofisyèl li, « Bat Bravo Pou Lajenes », yon enfòmasyon Sebastien Sergio, ki rekonèt sou non atis li P-Dous, demanti nan yon entèvyou ak Netalkole Média nan lannwit 2 janvye 2023 a, nan okazyon sware Hangover a nan otèl NH El Rancho.
Yon pòs jounalis la fè, kòmkwa animatè rabòday la gen pou l ofri pèfòmans li nan katye Vilajdedye, kote chèf gang Izo ap simen latwoublay, ki nan kèk segond okipe anpil kòmantè ki fè kwè atis la asosye ak gang.  » Lapolis Map ede nou travay bann kreten. Nan pwogram ki dwe fèt 9 janvye ke pwodiksyon 5 segond ap fè nan vilaj, Animatè Pdous pral jwe. » te ekri jounalis la sou paj li.
Pandan sware Hangover a, jou ki te 2 janvye 2023 a, animatè P-Dous te pale nan mikwo NetAlKole Média.  » Mwen pa okouran de pwogram sa, se wè m wè flyer ap pataje sou entènèt la », animatè rabòday la te deklare, pandan li fè konnen li se atis tout peyi a, menmsi yo ta rele l pou yon aktivite parèy swa pou l jwe nan yon pwogram bandi ak zam ap òganize, l ap jwe.
Pandan dènye tan sa yo, koze atis k ap jwe nan geto yo oubyen nan pwogram bandi, kidnapè, asasen yo òganize, ap monte yon maswife, paske yo dakò jwe pou yon ansanm moun ki swadizan deyò lalwa, si anpil atis fè chwa sa akòz entimidasyon oubyen presyon bandi yo ap met sou yo, pou anpil lòt yo pa bezwen presyon pou yo jwe, se menm ka a pou animatè P-Dous.
Sebastien Sergio, oubyen animatè P-Dous, fè konnen se zetwal tout atis yo yo vle etenn, espesyalman li menm. Li kwè tou se yon fòm kanpay denigreman plizyè prezanratè emisyon politik ap mennen pou brize karyè l,  » menmsi telefòn mwen sone, se yon bandi ki rele m pou yon pwogram, m ap jwe, paske se nan reyalite a m ap viv  » te pèsiste animatè a nan repons li yo.
N ap raple, lapolis te arete nan jou pase yo Kimberly Durosiers, yon mannken rekonèt sou rezo sosyal yo, akòz li ta devlope yon sèten relasyon pwofesyonèl ak kèk bandi epi patisipe nan kèk swadizan zak banditis.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.