Categories: AN KREYÒL JUSTICE

Ankèt sou lanmò jounalis Romelson Vilcin an ap “byen” vanse

Share

Asasinen depi 31 oktòb 2022, ankèt sou lanmò jounalis Romelson Vilsaint poko janm abouti, plis pase yon mwa aprè depi Enspeksyon Jeneral Polis Nasyonal d Ayiti (IGPNH) te anonse dosye sila nan tretman. 

Thank you for reading this post, don't forget to subscribe!

Romelson Vilsaint, yon jenn jounalis medya an liy, te resevwa yon bonbòn gaz lakrimojèn nan tèt li nan komisarya Delma 33 a, alòske l t al pote sipò li bay konfrè laprès li Robest Dimanche, lapolis te arete pi bonè nan menm jou an, nan zòn Delma 47 pandan l t ap ekzèse pwofesyon li. 

Aprè l te fin resevwa kout bonbòn nan, li te mouri yon ti tan aprè anndan komisarya a, avan polisye ki te sou plas te mennen li lopital Bernard Mevs, nan Vilaj Solidarite epi fè konprann se lopital li mouri yo pa responsab. Tout sa nan lide pou te lave men yo nan dosye a. 

Yon mwa aprè nou te deside mennen ankèt sou avansman dosye sila, yon sous nou kapab fè konfyans deklare « nan pa twò lontan yon rapò ki byen detaye sou lanmò jounalis Romelson Vilsaint ap disponib aprè IGPNH fin bon jan revize l ». 

« Tout sa m ka di, Enspeksyon Jeneral lapolis la ap mennen yon ankèt san paspouki sou lanmò jounalis Romelson Vilsaint. Aprè nou fin tande plizyè vèsyon fè swit ak ensidan an ki te dewoule nan ansent komisarya Delma 33 nan dat 30 oktòb pase a, nou gen pou n chita sou konpòtman polisye yo ki te prezan jou sa, fas ak sitiyasyon ki te anfas yo a », se sa sous la deklare bann, san l pa bay twòp detay, sa ki ka nwi ak avansman ankèt la, daprè li menm.  

N ap raple, aprè lanmò Romelson Vilsaint plizyè jounalis te pran lari nan dat 13 novanm pase a nan Pòtoprens, pou te denonse divès zak vyolans y ap sibi anba men lapolis depi kèk tan, pami yo asasina jounalis Vilsaint. 

Mèt Arnel Rémy ki se avoka “Collectif des Médias en Ligne” (CMEL) te menm mande pou tout jounalis te sispann kouvri evenman ki gen rapò ak Polis Nasyonal d Ayiti (PNH) nan solidarite ak jounalis la, pami plizyè lòt ki tonbe oswa viktim anba men lapolis. Si l te mande yo pou fè sa jiskaske ankèt la fini, demand lan pa mòde, kèk jou aprè jounalis yo te rekòmanse kouvri aktivite PNH la pou pi rèd. 

Pooshy Rosana

Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.

Leave a Comment
Published by