Fenomèn ensekirite a pa sispann fè pèp ayisyen an monte lesyèl pa do. Kidnapin, bò kote pa l, pa epanye okenn sektè. Sikile nan peyi a, sitou nan Pòtoprens, se yon bagay ki plis ke difisil e sa pa sispann pouse do anpil moun pou fòse yo kite peyi a. Nan lide pou pwoteste kont tout bagay sa yo, ANMH ap fè yon emisyon espesyal dimanch k ap vini la.
Asosiyasyon Nasyonal Medya Ayisyen yo (ANMH) deside fè yon emisyon espesyal sou ensekirite a anba tèm « Leta kote w, sitwayen reveye w ». Se ap yon okazyon pou katriyèm pouvwa di non kont ensekirite a ak vyolans sou fanm tou.
Emisyon sa ap difize sou tout radyo, televizyon ak paj rezo sosyal medya ki manm ANMH yo dimanch 3 avril, apati 10zè nan maten rive jiska 2zè nan laprèmidi. Jounalis yo espere sa va pouse leta pran responsabilite l nan sa k ap pase nan peyi a.
Facebook Comments