Anpil nan pwofesi rapè 2Goutan sou Ayiti deja reyalize

Soph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste
ParSoph-Edson Vladjemmy Jean Baptiste- Rédacteur
anpil nan pwofesi rapè 2goutan sou ayiti deja reyalize
Depi nan lane 2011 Atis 2goutan sòti « nan 25 an ankò » yon mizik ki te prevwa tout sa nap viv isit an Ayiti jodia, sitou ensekirite a. Pifò sa atis la te di ki gen pou rive yo, deja fèt nan mwens ke 25 lane li te pale a.
Nan mizik sa ki parèt nan dat 9 oktòb 2011 sou chèn Youtube atis la epi ki rele « Nan 25 an ankò » atis la rakonte tout sak pral rive nan 25 lane si leta pa fè okenn efò pou chanje fason moun ap viv nan peyi Dayiti .Sou YouTube sèlman entènot yo gentan tande mizik sa plis pase 196 000 fwa deja .
Prèske 12 lane apre sòti mizik « Nan 25 an ankò » , pifò sa atis la te pale yo deja rive. Nan mizik sa , rapè  a , anpil moun vinn pran pou profèt aprè soti mizik lan , te gentan fe konen peyi a tap pral fè fon, tap gen plis chimè ak plis vòlè nan tèt peyi a . San konte Repliblik Dominikèn tap pral konstwi yon mi pou separe de peyi yo epi anpeche ayisyen antre libe libè sou sòl yo .
Preske tout sa atis la te anonse nan mizik sa ki dire 3 minit ak 59 segond gentan rive alòske nou poko menm depase mwatye nan 25 lane li te pale yo.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Follow:
Etudiant en Sciences Juridiques Journaliste-rédacteur passionné de musique et de média