Twa ansyen minis dominiken arete pou Koripsyon

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
twa ansyen minis dominiken arete pou koripsyon biwo pwokirè jeneral nan repiblik dominikèn te arete dimanch 19 mas 2023 sa twa ansyen fonksyonè sivil pandan yon seri fouy ki te fèt nan diferan sektè nan sendomeng, kapital peyi vwazen an. pèsonalite y 1

Biwo Pwokirè Jeneral nan Repiblik Dominikèn te arete dimanch 19 mas 2023 sa twa ansyen fonksyonè sivil, pandan yon seri fouy ki te fèt nan diferan sektè nan Sendomeng, kapital peyi vwazen an.

Pèsonalite yo arete yo se:

- Advertisement -
Ad imageAd image

-Gonzalo Castillo, ansyen Minis Travo Piblik.

-Donald Guerrero, ansyen Minis Trezò a.

-José Ramon Peralta, ansyen Minis Administratif Prezidans lan, tout manm Pati Liberasyon Dominiken an.

Yo te fè arestasyon sa yo pou kesyone yo anrapò ak yon dosye koripsyon ki estime anviwon 19.7 milya pesos, oswa plis pase 350 milyon dola ameriken.

N ap note, ka sa a pa sèlman konsène twa ansyen fonksyonè sivil yo mansyone pi wo a. Yon santèn lòt moun ansanm ak ven konpayi vize tou pa lajistis Dominikèn.

Gonzalo Castillo te yon kandida prezidansyèl nan dènye konkou elektoral la, nan lane 2020, anba banyè Pati Liberasyon Dominiken an (PLD).

Donald Guerrero te anba envestigasyon Pepca pou plizyè mwa akòz iregilarite nan pèman, nan espropriyasyon pandan jesyon li nan Ministè Finans.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.