Anpil polemik sou abitraj match Barcelone-Manchester United la

Gabriel Emmanuel
Par Gabriel Emmanuel  - Rédacteur
anpil polemik sou abitraj match barcelone manchester united la

Nan match chòk ki te opoze Barcelone ak Manchester United nan Ligue Europa, yè jedi a; yon rankont ki fini 2-2. Aprè rankont sa 2 antrenè yo pat kache fistrasyon yo, sou fason abit la te dirije rankont lan. Xavi ak Erik ten Hag, kritike Maurizio Mariani, sou kèk desizyon li te fèmen je l sou yo. 

 

Barcelone ak Manchester United, rive bay yon bèl espektak pou match chòk nan Ligue Europa (2-2). 2 antrenè yo fè konnen, abit match la te mal pase sou kèk desizyon li te sipoze pran, tankou penal  ak katon wouj Jules Koundé a ak yon men Fred nan kare a.

 

Aprè rankont lan, Erik Ten Hag ak tout Marcus Rashford soti fache,  paske yo kwè ekip United la te merite viktwa.

 

« Sa sanble yon defèt, nan dezyèm mitan, nou te fè 2 gòl byen rapid epi nou santi n gen kontwòl rezilta a, Barcelone se yon bon ekip. » Se sa atakan United la te deklare nan mikro BT Sport.

 

Antrenè United la te ale nan menm sans lan, pou l montre fristrasyon l.  » nou te kreye anpil okazyon, nou dwe fè plis. Men nou te sipoze genyen match la. Pa gen okenn moun ki kwè nou tap kreye tout okazyon sa yo, nou te dwe fè plis gòl, nou te sipoze make 4 gòl nan rankont sa »

 

Se menn jan pou Xavi, ki te mande eksplikasyon sou 3 abit match la.  « Yo vòlè yon penal pou nou, se pa premye fwa, nan match fas Inter Milan nan Champions League la, m pa konprann poukisa yo pa vle bay penal yo »

 

Maurizio Mariani soti nan rankont sa ak anpil kritik, si youn nan ekip yo pa rive genyen, 2 kan yo kwè se li ki lakoz yo pa genyen match la.

Facebook Comments

Partagez cet article