Depatman Deta ameriken koupe viza 5 nouvo pèsonalite ayisyen

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
depatman deta ameriken koupe viza 5 nouvo pèsonalite ayisyen
Nan yon kominike ki pote dat 16 fevriye 2023, Sekretè Deta ameriken an, Antony Blinken, anonse mezi koupe viza Etazini pran kont 5 nouvo pèsonalite elit ayisyen an ki enplike nan alimantasyon gang yo nan peyi a.
Nan kad dispozisyon ki nan lwa sou imigrasyon, ak nasyonalite pou Etazini, Depatman Deta ameriken anonse sanksyon sa yo ki pran kont 5 lòt pèsonalite ayisyen, ansanm ak 7 manm fanmi pwòch yo ki gen viza yo ki koupe.
Daprè kominike sa ki piblik, Depatman Deta fè konnen, politik koupe viza pèsonalite ayisyen sa yo k ap alimante aktivite kriminèl yo nan peyi an genyen gwo konsekans pou ofisyèl sa yo ansanm ak lòt moun k ap finanse gang yo ki anpeche popilasyon an viv.
Dènye gwoup sa otorite amerikèn yo sanksyone an, ajoute nan lis sa ki gen pou kounya 44 pèsonalite ayisyen avèk viza ameriken yo ki koupe depi lè mezi sa te anonse pou premye fwa nan dat 13 oktòb ki sot pase a.
Depatman Deta ameriken ,fè konnen y ap kontinye idantifye moun sa yo ansanm ak fanmi pwòch yo pou sanksyone yo. Yon seri mezi ki montre konsekans sa kapab genyen pou sila yo k ap alimante vyolans nan peyi an, daprè sa nou kapab li nan kominike sa.
N ap raple, nan fen ane ki sot pase a, sòti novanm pou rive desanm, Etazini te anonse sanksyon finansye ak koupe viza kont plizyè ansyen palmantè, pami yo Joseph Lambert, Youri LaTortue, Rony Célestin ansanm ak Hervé Fourcand.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.