Tranblemanntè Tiki : yon ti pitit 5 lane fè konnen se yon nonm ak yon rad blan ki te konn vin bal manje ak bwè

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
tranblemanntè tiki yon ti pitit 5 lane fè konnen se yon nonm ak yon rad blan ki te konn vin bal manje ak bwè
Aprè l te fin pase plizyè jou anba dekonm, yon timoun 5 lane deklare se yon nonm ak yon rad blanch ki te vin ba l manje epi bal bwè pandan li te anba dekonm nan. Anpil moun sou rezo sosyal yo pa t pran tan pou di se yon zanj Bondye te voye pou vin pote li sekou. Yon ti pitit 5 lane, yo pa bay non li, deklare aprè pasaj tranbleman tè lendi 6 janvye a nan peyi Tiki ak Siri, li te kwense anba yon kay ki te kraze, se yon nonm ki abiye tou blan ki te konn vin bay li manje ak bwè chak jou aprè sa pou l ale fè wout li.
Chèn televizyon peyi Tiki a « A Haber » ki bay nouvèl la rapòte, ti pitit 5 lane a sòti anba dekonm yo tou vivan, 112 èdtan aprè tranbleman tè a te fin pase epi lakoz anpil dega.
Lè yo te mande l kijan l te fè siviv anba beton kay ki te tonbe sou li yo pandan prèske 5 jou, li te reponn “yon nonm ki abiye tou blan te banm manje ak bwè epi lè l fini li ale !”. Byenke, anpil moun pa kwè nan temwayaj ti pitit la, sa pa anpeche yon lòt majorite bay bon kòmantè an favè l sou rezo sosyal yo.
N ap raple, yon lòt kote bilan ofisyèl otorite yo swit ak pasaj tranbleman tè mayitid 7,8 sa monte ak prèske 42 mil mò pou 2 teritwa yo, peyi Tiki ak Siri, anplis kantite blese yo. 11 jou aprè pasaj katastwòf la, tou 2 peyi yo ajenou alòske, èd imanitè yo ap rive piti piti pa bò kote kominote entènasyonal la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.