Categories: AN KREYÒL

Anplwaye Palman ayisyen yo ap reklame yon ogmantasyon nan salè yo

Share
Fas ak lavi chè a k ap taye banda nan peyi a dènye tan sa yo, anplwaye Palman ayisyen yo mande gouvènman an ogmante salè yo pou yo kapab fè fas ak enflasyon an k ap galope nan peyi a.
Nan yon nòt piblik, Sendika anplwaye Palman ayisyen yo (SEPHA) plede pou yon pase men nan salè fonksyonè piblik yo ak ouvriye ayisyen yo fas ak lavi chè sa ki gen nan peyi a kounya la.
Nan menm okazyon an, sendika a pwofite pou envite tout aktè nan diferan sektè nan lavi nasyonal la pou mete tèt yo ansanm nan lide pou sòti peyi a nan enpas difisil sa li ye jounen jodia.
Fas ak nesesite pou chak anplwaye pran swen fanmi yo kòmsadwa, Sendika anplwaye ayisyen yo estime li nesesè pou gen yon ogmantasyon salè pou yo nan lide pou kapab reponn ak divès bezwen esansyèl yo.
Sendika a ankouraje yon efò patriyotik bò kote diferan aktè yo k ap mennen a yon tèt ansanm pou sòti peyi a nan sitiyasyon kriz li ye an. SEPHA a swete egalman pou gen yon pase men nan konstitisyon an ak enstitisyon yo nan peyi a ki pou byen mache.
Jacky Chery

Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.

Leave a Comment
Published by