Antèman Danaïca Duplan ap chante samdi 17 jen

Witson Beaujour
ParWitson Beaujour- Rédacteur
antèman danaïca duplan ap chante samdi 17 jen

Antèman Danaïca Duplan ap chante samdi sa k ap 17 jen 2023 a, andedan legliz “Baptiste New Covernant D’Haïti” a. Se fanmi viktim lan ki te touye tèt li 5 jen pase a aprè yon diskisyon separasyon li te genyen ak mennaj li, ki konfime laprès nouvèl la.

Dram sa nou tout konnen l lan, ki te pase nan zòn Taba, kote jounalis epi jèn etidyan 4èm ane dwa Danaïca Duplan te deside mete fen ak lavi l aprè yon separasyon ak mennaj li, antèman an ap gen pou chante samdi sa nan legliz “Baptiste New Covernant D’Haïti” ki twouve l nan katye nimewo 44 Jak Woumen an, touprè lokal MSPP a.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Antèman an ap chante nan lè 6è AM. Ekspozisyon kadav la ap kòmanse byen bonè. Zanmi laprès kapab vin rann Danaïca Duplan yon dènye omaj aprè tris nouvèl sa ki te sekwe tout rezo sosyal yo.

Li enpòtan pou nou kontinye atire atansyon lektè nou yo sou ka swisid ki souvan repete nan peyi a depi plizyè lane. Kidonk, si w ap travèse nenpòt sitiyasyon ki depase w, li pi bon pou w kontakte pwofesyonèl sante mantal yo olye w apresye oubyen oryante w de yon pratik konsa.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Witson Beaujour
Par Witson Beaujour Rédacteur
Witson Beaujour, journaliste-rédacteur, chanteur, musicien et mécanicien industriel. Passionné de reportages, de documentaires et de lecture.