Antrepriz soutretans koreyèn S&H Global anile desizyon yo te pran nan kòmansman ane a pou revoke plis pase 3,500 nan ouvriye yo genyen yo epi fèmen definitivman youn nan endistri yo genyen nan Pak endistriyèl Caracol lan.
Nan yon nòt ki pote siyati Prezidan filyal yo genyen Ayiti an, Zadok Min, antrepriz lan anonse yo kanpe sou ansanm desizyon sa yo pandan y ap eseye mete sou pye lòt mezi k ap kapab pèmèt diferan izin yo genyen yo kontinye fonksyone.
Daprè responsab lokal S&H Global la, aprè desizyon anile revokasyon anplwaye sa yo ak fèmen izin modil 3 yo an, y ap eseye mete sou pye tipa tipa lòt dispozitif pou fè antrepriz la fonksyone annatandan repriz nòmal aktivite yo.
Antrepriz lan ki te anonse l ap fèmen youn nan izin li yo epi revoke yon kantite anplwaye akoz difikilte y ap fè fas nan peyi an, sitou avèk dènye evènman twoub sosyopolitik yo, tounen sou desizyon sa epi anvizaje yon fonkyonnman 3 a 4 jou pa semèn jiska 31 me.
Prezidan S&H Global la, Zadok Min, envite prensipal konsène yo pou ede antrepriz lan fè fas ak peryòd difisil sa l ap konnen an pandan l anonse, y ap kontinye kominike sou tout modifikasyon ak desizyon k ap pran konsènan oré fonkyonnman yo.
Facebook Comments