Aprè OFNAC fin refize l, yon Ayisyen ki kreye yon pwototip elikoptè oblije ale etidye Sendomeng pou l ka reyalize rèv li

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
aprè ofnac fin refize l, yon ayisyen ki kreye yon pwototip elikoptè oblije ale etidye sendomeng pou l ka reyalize rèv li
Louis Wood Jherry, se non yon jèn Ayisyen ki chwazi ale an Repiblik dominikèn pou l etidye ak travay aprè l te fin kreye yon pwototip elikoptè nan Pòtoprens. Li oblije fè chwa difisil sila akòz li pa gen mwayen pou fè plis rechèch ak akòz ensekirite a. 
Nan yon entèvyou li bay kotidyen dominiken “El Nuevo Diario”, kreyatè a eksplike depi l te timoun, li te renmen aviyasyon, men aprè l te fini aprann mekanik otomobil epi diplome ladan l, li te deside fè divès rechèch pou wè kouman l te ka aprann fè avyon. Se la lide fabrike elikoptè a vini.
Louis Wood Jherry esplike l deside fè yon elikoptè apati vye pyès li resikle ki sòti nan yon atelye soudi, epi ak motè yon moto yon frè l prete l.
Jennom nan rapòte bay kotidyen dominiken an li fè plizyè ti travay deja pou reponn ak bezwen l, tankou sou yon chantye konstriksyon men kantite kòb yo peye l la pa t sifi pou peye etid li te vle fè nan pilotaj la, san konte travay sa pa t bal ase tan pou li etidye.
Aprè l te fin fabrike veyikil la, kreyatè ayisyen an te teste l epi wè tout bagay mache kòmsadwa, men malerezman li pat ka fè l dekole akòz li pa gen yon fòmasyon nan pilotaj.
Louis Wood Jherry revele li t al chèche yon koutmen pa bò kote Ofis Nasyonal Aviyasyon Sivil (OFNAC) men yo te deklare « yo pa gen ni lajan ni tan pou pèdi ak li ». Yon repons ki pouse l ale chèche sipò a kay vwazen pito, an Repiblik dominikèn.
Konsa, Louis Wood Jherry chache jwenn yon viza dafè pou l ka travèse. Toutfwa li fè konnen dokiman sila paka pèmèt li jwenn yon travay fòmèl tankou yon sant apèl (Call center) alòske l pale anglè, fransè ak espanyòl.
Fanmi Jherry enkyè anpil paske se premye fwa l vwayaje kite peyi d Ayiti, epi li pa gen pyès moun li rekonèt an Repiblik dominikèn. Toutfwa yo rete konfyan epi ede l priye pou rèv li reyalize.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.