Kylian Mbappé soti yon prestasyon tèt chaje devan Polòy nan uityèm final Mondyal la, dimanch 4 Desanm nan, kote l enskri yon double. Aprè match la, atakan PSG a pale de objektif li pou rès konpetisyon an.
Si n ap chache jwè ki pi pèfòman pou Mondyal FIFA Kata 2022 a, li enposib pou n pa mete Kylian Mbappé ladan yo. Pou moman an, atakan Lafrans lan gen 5 gòl pou 4 match li jwe ak Ble yo. Kylian pa kache anvi l yo pou tounwa sa.
« Sa klè Koupdimonn lan se yon obsesyon, se konpetisyon rèv mwen, mwen gen chans jwe l, mwen bati sezon m sou konpetisyon sa a fizikman e mantalman » konsa krak Bondy a te reponn kesyon jounalis yo aprè gwo pèfòmans li kont Polòy.
Pou 11 match Mbappé jwe nan 2 Koupdimonn, li gentan fè 9 gòl. Se premye jwè ki rive fè sa pandan l gen pi piti pase 24 lane. Li fè plis gòl nan Mondyal pase yon pakèt lejand. Avèk 33 gòl pou seleksyon Fransèz la, li depase Zidane e vini setyèm pi bon bitè istwa seleksyon sa.
« Mwen vini isi a pou m genyen Koupdimonn nan, pa pou m pran twofe pèsonèl. Si gen yon Balon dò, se yon bon bagay men objektif la kolektif » se te deklarasyon jwè a aprè l fin pran twazyèm twofe meyè jwè match li sou 4 match li jwe.
Facebook Comments