Aprè plizyè lane maryaj, yon ansyen jwè Real ak Chelsea dekouvri l pran 2 kout pitit

Jephte Pascal
ParJephte Pascal- Rédacteur
aprè plizyè lane maryaj, yon ansyen jwè real ak chelsea dekouvri l pran 2 kout pitit

Geremi Njitap, ansyen foutbolè pwofesyonèl, antame pwosesis divòs ak madanm li. Rezon an se paske l dekouvri youn nan 2 timoun l ap leve depi plizyè lane yo pa pou li.

Aprè yon bèl karyè li te genyen nan foutbòl, Geremi Njitap, 45 lane, nan retrèt li kounya. Si non l ap site jounen jodi a, se pa pou yon koz ki gen rapò ak foutbòl ni menm okenn lòt espò. Ansyen foutbolè a ta dekouvri 2 marasa li leve yo pa bon pitit li.

- Advertisement -
Ad imageAd image

Entènasyonal Kamewounè a te pote koulè Lyon Endontab yo 119 fwa. Sa gen 16 lane depi li marye ak Toukam Fotso Laure. 5 jen 2008, 4 lane aprè maryaj, koup la beni ak 2 pitit gason nan yon sèl akouchman. Jounen jodi a, Njitap dekouvri pitit sa yo pa pote yon gout san l gras ak yon tès ADN.

Lapoula, Geremi mande kraze kite sa ak koze maryaj la. Li estime sa ap boulvèse amoni nan maryaj la. Madanm nan kote pa l konfime sa tès la bay kòm vèdik la epi li di l pare pou l kite timoun yo nan men bon papa yo. Ansyen glwa Kamewoun lan deklare li viv nouvèl sa tankou yon chòk emosyonèl.

Ansyen jwè Real Madrid ak Chelsea a rekonèt koup la t ap viv byen avan maryaj yo an 2012, an menm tan li deplore manti madanm li ba l yo. Daprè dokiman demand divòs la, Geremi oblije kite kay la paske l ap resevwa menas nan men yon pitit fi madanm li te genyen avan menm yo te renmen.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jephte Pascal
Par Jephte Pascal Rédacteur
Follow:
Homme de lettres. Étudiant à la Faculté de Linguistique Appliquée de l'UEH. Rédacteur sportif de NetAlKole Media ainsi que présentateur de Pale Boul.