Arestasyon Bab : plizyè militan denonse yon pèsekisyon politik pa bò kote pouvwa 

Pooshy Rosana
ParPooshy Rosana- Rédacteur
arestasyon bab plizyè militan denonse yon pèsekisyon politik pa bò kote pouvwa 

Anpil moun plis konnen l sou non sa “Bab”. Lapolis mete anba kòd lendi 3 Oktòb la militan politik Pitit Desalin nan epi fèmen li nan komisarya Pòtoprens aprè Pakè Pòtoprens te mete yon manda damne dèyè l. 

“Bab” fè pati yon kokennchenn moun Marjorie Michel te akize k ap menase vi li, epi ki te menm rive atake rezidans defen manman li nan zòn Kriswa. 

- Advertisement -
Ad imageAd image

Genyen kèk semèn de sa, nan kad premye mobilizasyon “Bwa Kale” yo, moun yo pat rive idantifye te atake kay defen manman ansyen minis kondisyon feminen Marjorie Michel. Li te lonje dwèt byen long sou lidè pati politik Ayiti An Aksyon (AAA) an Youri Latortue ak parèy li yo. Madam Michel te tou pwofi lonje dwèt li byen long tou sou “Bab”, epi deklare li te depoze yon plent kont pèsonalite sa yo.  

Suit ak arestasyon militan politik la anpil vwa te leve pa bò kote Pitit Dessalines, pami kèk lòt pati politik, ak popilasyon an, pou denonse arestasyon sila epi fè konnen se yon pèsekisyon politik ki sòti dirèkteman pa bò kote Premye minis peyi a Ariel Henry. 

Plizyè gwoup deja mobilize pou pran lari a pou ekzije liberasyon militan politik “Bab”, paske jiskaprezan komisè gouvènman Pòtoprens lan, Mèt Jacques Lafontant pa disponib pa telefòn, se sa nou aprann. 

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Pooshy Rosana
Par Pooshy Rosana Rédacteur
Follow:
Pooshy Rosana, journaliste-rédacteur à Netalkolemedia, caricaturiste et graphiste. Parallèlement, coach fitness. Adore la culture populaire, les documentaires et la musculation.