Arestasyon yon Kiben nan peyi Repiblik Dominikèn k ap voye zam an Ayiti

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
arestasyon yon kiben nan peyi repiblik dominikèn k ap voye zam an ayiti
Elieser Sori Rodríguez ki se yon kiben, jwenn arestasyon l nan peyi Repiblik Dominikèn pou enplikasyon l nan trafik zam toupatou nan rejyon an, pami yo Ayiti. Endividi sa te gen manda lajistis nan peyi Etazini dèyè l depi 2021.
Nan yon operasyon ki mennen nan pwovens Montecristi, peyi Repiblik Dominikèn, ajan Direksyon nasyonal kontwòl estipefyan (DNCD) arete ayè vandredi 12 me a Elieser Sori Rodríguez ki gen akizasyon trafik zam sou do l.
Daprè yon kominike otorite DNCD yo pibliye, endividi sa ki gen 51 lane, jwenn arestasyon nan “Los Derramaderos” aprè Lapolis nan Floride t ap chache l depi 2021 pou enplikasyon l nan yon kagezon zam ki te sezi nan mwa desanm menm ane sa.
Toujou selon otorite dominiken yo, kantite zam ak bal sa yo ki te sezi nan kagezon sa, te san dout t ap pran direksyon Ayiti. Yon kagezon ki te gen ladan l 33 zam gwo kalib, anviwon 60 chajè, avèk plizyè santèn katouch.
Pou kounya, Elieser Sori Rodríguez twouve l nan peyi Etazini aprè otorite dominiken yo transfere l pou li kapab al reponn kesyon sou trafik zam sa ki souvan sòti sou teritwa ameriken an avan pou l pran direksyon divès lòt peyi nan rejyon an, prensipalman Ayiti.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.