Arestasyon yon polisye pou vyòl sou yon jèn fi

Jacky Chery
ParJacky Chery- Rédacteur
arestasyon yon polisye pou vyòl sou yon jèn fi
Lapolis arete nan dat 16 desanm ki sot pase a, nan Klèsin, polisye Jean Nixon Abraham pou enplikasyon l nan vyòl sou yon jèn fi ki pote non Berline Mathurin.
Lapolis nasyonal d Ayiti atravè Inite lit kont krim seksyèl, yon inite nan Direksyon santral polis jidisyè, mete lapat sou polisye sa ki ta enplike nan vyòl ki te fèt 26 fevriye ane sa, nan Lilavwa 55, sou jèn fi sa.
Arestasyon sa rive 16 desanm ki sot pase a aprè Pakè nan jiridiksyon Kwadèboukè te mete yon manda mennen vini dèyè polisye sa, Jean Nixon Abraham, depi 4 avril 2022.
Biwo kominikasyon Lapolis la ki konfime nouvèl arestasyon polisye sa sou rezo sosyal yo ayè dimanch 18 desanm lan fè konnen Jean Nixon Abraham twouve l nan gadavi nan DCPJ avan pou mennen l nan Tribinal premye enstans Kwadèboukè a pou swivi jidisyè yo.
Nan kad menm dosye sa, Komisè gouvènman Kwadèboukè a, Roosevelt Zamor, te mande DCPJ pou mennen ba li egalman David Dorsainvil ki se youn nan moun ki ta enplike nan vyòl kolektif sa sou Berline Mathurin.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Jacky Chery
Par Jacky Chery Rédacteur
Follow:
Étudiant en Communication Sociale et en Sciences Juridiques à l'UEH, également Journaliste-redacteur à Netalkole Media. Un passionné de l'écriture et de la lecture.