« Ariel Henry a ak tout minis li yo, pa gen ni otorite, ni lejitimite pou angaje peyi a » daprè Moise Jean Charles

Mackendy Filderice
ParMackendy Filderice- Rédacteur
Moise Jean Charles, lidè Pitit Desalin nan, nan yon mesaj li pibliye sou kont Twitter li,  rejte rezolisyon ki te adopte nan Konsèy Minis sou kesyon fòs sekirite entènasyonal an Ayiti a, ansyen sènatè a deklare rezolisyon sa a nil ‚ li pa konsène pèp Ayisyen an.
Deklarasyon Moise Jean Charles
Nan sans sa, Lidè Pitit Desalin nan di, Premye minis defakto a, Ariel Henry ak tout minis li yo pa gen ni otorite ni lejitimite  pou angaje peyi a. Se sak fè, Moise Jean Charles di dokiman sa Chèf Gouvènman ak tout minis li yo  siyen an  pa konsène pèp Ayisyen an.
« Nou deklare dokiman sa a nil e li pa konsène pèp Ayisyen », di orijinè Milo a.
Gouvènman Ariel Henry a fè konnen pou eseye pote lapè epi fè peyi a soti nan grif gang ame yo, Minis yo, nan Konsèy Minis yo, adopte yon rezolisyon pibliye nan Monitè vandredi 7 òktob  la, ki otorize Premye Minis Ariel Henry pou mande asistans militè nan men kominote entènasyonal la.

Facebook Comments

- Advertisement -
Partagez cet article
Mackendy Filderice
Par Mackendy Filderice Rédacteur
Follow:
Étudiant en sciences politiques à l'Université Quisqueya, Journaliste-Rédacteur à Netalkolemedia, Publiciste, Humanitaire. Amoureux de la vie et de l'apprentissage.